Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 1:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Nou te plenyen nan tant nou yo e te di: ‘Akoz SENYÈ a rayi nou, Li te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou livre nou nan men Amoreyen yo pou detwi nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Nou antre lakay nou, nou pran plenyen. Epi nou di se vle Senyè a pa vle wè nou! Se poutèt sa li fè nou sòti kite peyi Lejip pou l lage nou nan men moun peyi Amori yo pou yo ka fini ak nou.

参见章节 复制




Detewonòm 1:27
8 交叉引用  

men te plenyen nan tant yo. Yo pa t koute vwa SENYÈ a.


Fis Israël yo te di yo: “Pito ke nou te mouri pa men SENYÈ a nan peyi Égypte la pandan nou t ap chita akote chodyè vyann yo, pandan nou t ap manje pen jis nou vin plen. Men ou mennen nou deyò nan dezè sila a pou touye tout asanble a avèk grangou.”


Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin satisfè nan maten. Paske SENYÈ a tande plent ke nou fè kont Li. Epi kisa nou ye? Plent nou yo pa kont nou, men kont SENYÈ a.”


Poukisa SENYÈ a ap mennen nou nan peyi sa a, pou tonbe anba nepe? Madanm nou yo avèk pitit nou yo va devni piyay. Èske li pa t ap pi bon pou nou pou retounen an Égypte?”


Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e nou rayi move manje sila a.”


“Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen.


paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’


Otreman, peyi kote Ou te mennen nou sòti a, kapab di: ‘Akoz SENYÈ a pa t kapab mennen yo antre nan peyi ke Li te pwomèt yo a, e akoz Li te rayi yo, Li te mennen yo deyò pou touye yo nan dezè a.’


跟着我们:

广告


广告