Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 9:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Akoz sa, SENYÈ a te kenbe malè nan men l, e te pote li sou nou. Paske, SENYÈ a, Bondye nou an, dwat nan tout zèv ke Li fè yo, men nou pa t obeyi vwa li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Wi, Senyè Bondye nou, ou te pare pou pini nou, ou pini nou vre, paske ou toujou fè sa ki dwat. Se nou ki pa koute lè ou te pale nou.

参见章节 复制




Danyèl 9:14
16 交叉引用  

Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: “SENYÈ a jis.”


O SENYÈ a, Bondye Israël la, Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.”


Sepandan, Ou jis nan tout sa ki vin rive nou; paske Ou te aji avèk fidelite, men nou te aji mal.


Zèv men Li yo se verite avèk jistis. Tout prensip Li yo vrè.


Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a. Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.


Oudwat, O SENYÈ e jis se jijman Ou yo.


Delivre mwen de koupabilite san vèse a, O Bondye, Bondye a sali mwen an. Konsa, lang mwen va chante avèk jwa selon ladwati a Ou menm nan.


Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan.


Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ, lè m plede ka m avèk Ou. Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou. Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa? Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?


Konsi Mwen te veye sou yo pou rache yo, pou kraze yo, pou boulvèse yo, pou detwi yo, e pou mennen gwo dezas; se konsa mwen va veye sou yo pou bati e pou plante,” deklare SENYÈ a.


Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te fè rebèl kont Mwen’”, deklare SENYÈ a.


Gade byen, M ap veye sou yo pou malè yo, e pa pou byen yo. Tout mesye Juda ki nan peyi Égypte yo, va rankontre lafen pa yo ak nepe e ak gwo grangou jiskaske yo fin disparèt nèt.


Advèsè li yo te vin mèt li. Lènmi li yo ap byen reyisi; paske SENYÈ a te koze doulè l, akoz gwo kantite transgresyon li yo. Pitit li yo se prizonye devan advèsè yo.


“‘“Akoz ou pa t sonje jou jenès ou yo, men te fè m vin anraje akoz tout bagay sa yo; gade byen, Mwen, nan kou pa M nan, Mwen va desann tout kondwit ou a, sou pwòp tèt ou,” deklare Senyè BONDYE a, “pou ou pa komèt bagay lèd sa a pou mete sou tout lòt abominasyon ou yo.”


Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an; Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.


Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo.


跟着我们:

广告


广告