Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 9:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Ni nou pa t obeyi vwa SENYÈ Bondye nou an, pou mache nan enstriksyon ke Li te mete devan nou pa sèvitè Li yo, pwofèt yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Nou pat koute ou, Senyè Bondye nou, pou nou te viv dapre lòd ou te ban nou nan bouch pwofèt yo, sèvitè ou yo.

参见章节 复制




Danyèl 9:10
8 交叉引用  

paske yo pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni fè yo.


Nan lè sa a, ou gen pou di yo: ‘Akoz papa zansèt nou yo te abandone Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou te swiv lòt dye yo, pou te sèvi yo e te pwostène devan yo. Konsa yo te abandone Mwen e yo pa t kenbe lalwa Mwen an.


Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni mache nan lalwa Ou. Yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo. Pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.


Anplis, nou pa t koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a.


Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.


跟着我们:

广告


广告