Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen prens a Grèce la va vini.
“Epi koulye a, mwen va di ou verite a. Gade byen, va gen twa wa ankò ki va leve Perse. Epi katriyèm nan va bokou pi rich ke tout lòt yo. Lè li vin fò akoz richès li yo, li va pwovoke tout pouvwa li a kont wayòm Grèce la.
“Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm.
Paske Mwen te koube Juda konsi se te banza Mwen. Mwen te plen banza a avèk Éphraïm. Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion, kont fis ou yo, O Grèce, e Mwen va fè ou vin tankou nepe a yon gèrye pwisan.