Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 6:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe jete nan fòs lyon an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l nan gwo twou lyon yo.

参见章节 复制




Danyèl 6:7
25 交叉引用  

Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li. Li kache pou kenbe aflije yo; li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.


Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:


Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m. Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo, pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.


Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la, leve e pini tout nasyon yo. Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite. Tan


Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li. Yo pran plezi nan tout sa ki fo. Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.


Paske yo te fè konplo ansanm ak yon sèl panse. Kont Ou menm, yo fè yon akò.


Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou? Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?


Kaldeyen yo te pale ak wa a an Arameyen: “O wa, viv jis pou tout tan! Pale rèv la a sèvitè ou yo e nou va deklare entèpretasyon li.”


Men nenpòt moun ki pa pwostène, va jete nan mitan a yon founo dife byen cho.


Epi Nebucadnetsar, wa a, te voye rasanble tout satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, tout majistra ak chèf an pwovens yo pou vini nan seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.


Satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, ak wo ofisye a wa yo te reyini antoure yo. Yo te wè ke dife a pa t fè okenn efè sou kò a mesye sila yo. Ni menm cheve yo pa t brile, pantalon pa yo pa t abime, ni sant dife a pa t rive sou yo.


Men, nenpòt moun ki pa pwostène pou adore va, lapoula, vin jete nan yon founo dife byen cho.”


Konsa, wa a te pase lòd pou mennen Daniel jete nan fos lyon an. Wa a te pale. Li te di a Daniel: “Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a, va Li menm, delivre ou.”


Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”


Pèp mwen, sonje koulye a konsèy Balak, wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li depi nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”


Lyon an te kon chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim.


Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.


Epi yo te fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li.


Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, ansanm ak tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus, e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.


Men chèf prèt yo te mete tèt yo ansanm pou yo ta kapab anplis mete Lazare a lanmò.


跟着我们:

广告


广告