Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 5:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Epi wa Belschatsar te plen ak gwo laperèz, figi li te vin pi pal e prens li yo te vin twouble.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Wa a vin pi pè toujou, figi l pèdi koulè. Tout chèf yo menm pat konn sa pou yo fè.

参见章节 复制




Danyèl 5:9
12 交叉引用  

Li te voye flèch li yo deyò e te gaye yo. Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.


La, yo pèdi ekilib yo nèt. Doulè ak sezisman te pran yo tankou fanm k ap akouche.


Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit. Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo, konsi se fanm k ap fè pitit? Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?


Nou konn tande rapò sa a. Men nou yo vin lage nèt. Gwo doulè fin sezi nou tankou doulè a yon fanm k ap akouche.


Konsa, mwen te rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt.


Alò, nan dezyèm ane règn Nebucadnetsar a, Nebucadnetsar te fè rèv yo. Epi lespri li te twouble, e li pa t ka dòmi.


Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.


Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li.


Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn.


跟着我们:

广告


广告