Men de bagay sa yo va rive sou nou sibitman nan yon jou: pèt a pitit ak afè vin vèv la. Yo va rive an mezi plen nèt; malgre tout maji nou ak gwo pouvwa wanga nou konn fè yo.
Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, ou e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”
“File flèch, plen fouwo yo! Kenbe pwotèj yo djanm! SENYÈ a te fè leve lespri a wa yo nan Médie, paske volonte L kont Babylone, pou detwi li. Paske se vanjans SENYÈ a, vanjans pou tanp Li an.
Mwen va fè prens li yo ak saj li yo sou; menm majistra li yo ak prefè li yo. Konsa, yo ka dòmi yon dòmi san rete pou yo pa leve menm”, deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo.