Konsa pale Cyrus, wa Perse la: “SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè, e Li te mete m anba lòd pou bati pou Li yon kay Jérusalem, ki nan Juda. Ke SENYÈ a, Bondye pa li a, kapab avèk li e kite li monte.”
Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann.
Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen maji pou detounen. Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou. Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk va rive sou ou sibitman.
Mwen va fè rive sou peyi sa a tout pawòl Mwen ke Mwen te pwononse kont li, tout sa ki ekri nan liv sa a, ke Jérémie te fè kon pwofesi kont tout nasyon sa yo.