Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 5:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Akoz grandè ke Li te bay li a, tout pèp yo, nasyon ak lang yo te gen lakrent li, e te tranble devan l. Nenpòt moun li te pito, li te touye l, e nenpòt moun li te pito, li te lese l viv. Epi nenpòt moun li te pito, li te leve l e nenpòt moun li te pito, li te imilye l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Bondye te sitèlman ba li pouvwa, tout pèp, moun tout ras, moun ki pale tout kalite lang te pè l. Yo te tranble devan l. Li te touye moun li vle, li te kite moun li vle viv. Li moute moun grad, li desann moun grad jan li vle.

参见章节 复制




Danyèl 5:19
22 交叉引用  

Konsa, li te pale avèk dousè anvè li e li te leve twòn li an piwo pase lòt wa ki te avèk li Babylone yo.


Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò; men yon nonm saj va kalme li.


Pa prese abandone lòd li. Pa jwenn ou menm nan yon move konbinezon, paske l ap fè nenpòt sa ki fè li plezi.”


pou sa, Mwen va livre li nan men a pi pwisan an a nasyon yo. Li va regle sa nèt. Selon mechanste li, konsa Mwen te chase li.


Epi foul lame a va vin leve retire. Kè li va vin egzalte e li va fè sòlda tonbe pa di-milye, men, li p ap ka enpoze li.


Men sila ki vini kont li an va fè sa li pito, e nanpwen moun ki ka kanpe devan li. Konsa, li va kanpe nan peyi laglwa a, e nan men li va gen destriksyon.


Konsa, yon wa pwisan va vin leve. Li va gouvène ak gwo otorite e fè sa li pito.


“Konsa, wa a va fè sa li pito. Li va vin egzalte. Li va bay tèt li glwa pi wo pase tout dye yo, e li va pale anpil bagay byen move kont Bondye a dye yo. Konsa, li va pwospere jiskaske endiyasyon an fini, paske dekrè ki pibliye a va akonpli.


Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”


Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo,


Men, nenpòt moun ki pa pwostène pou adore va, lapoula, vin jete nan yon founo dife byen cho.”


Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo.


Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.” Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo!


se ou menm, O wa! Paske ou te vin gran, e ou te vin fò; epi majeste ou te vin gran rive jis nan syèl la, e dominasyon ou jis rive nan dènye pwent latè.


Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.


Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”


Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye.


Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.


跟着我们:

广告


广告