Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 4:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk a va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Yo p'ap kite ou mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa. Ou pral manje zèb tankou bèf pandan setan, jouk w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.

参见章节 复制




Danyèl 4:32
22 交叉引用  

Lè li te priye a Li menm, Li te touche pa priyè li a. Konsa, Li te tande siplikasyon li an, e te mennen li ankò Jérusalem kote wayòm li an. Konsa, Manassé te konnen ke SENYÈ a te Bondye.


“Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay, e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.


Gade byen, Li rache retire, se kilès ki ka anpeche L? Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?


Men Bondye nou an nan syèl yo. Li fè sa Li pito.


Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l, nan syèl la oswa sou tè a, nan lanmè yo ak nan tout fon yo.


Alò li te reponn: “Demen”. Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,


Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.


Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a. Tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke tè a se pou SENYÈ a.


Koulye a, O SENYÈ, Bondye nou an, delivre nou soti nan men l pou tout wayòm latè yo ka konnen ke Ou menm sèl SENYÈ a, se Bondye.”


Gade byen, nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit; yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la. Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.


Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L, Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.


Mwen va bay ou trezò lannwit yo ak richès k ap kache kote sekrè yo, pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a, Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.


“Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen.


Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo. Li retire wa e Li etabli wa. Li bay sajès a moun saj yo, e konesans a moun ki gen bon konprann.


Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou.


Anplis, li te chase lwen de lòm, kè l te vin transfòme kon kè a bèt, e li te vin rete ak bourik mawon. Yo te fè li manje zèb kon bèf, e kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske li te vin rekonèt Bondye Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e ke li mete chèf sou li sila ke Li pito.


pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke men SENYÈ a pwisan, pou nou kapab gen lakrent SENYÈ a pou tout tan.”


跟着我们:

广告


广告