Danyèl 4:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen19 Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.” Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo! 参见章节1998 Haïtienne19 Lè sa a, Danyèl ki te rele Bèltechaza tou, rete yon bon ti tan li pa di anyen, paske tèt li te boulvèse. Wa a di l konsa: — Bèltechaza monchè, pa kite rèv la ak esplikasyon l lan boulvèse tèt ou! Bèltechaza reponn: — Monwa, mwen ta swete rèv la ak tout esplikasyon l lan pa pou ou, men pou lènmi ou yo, pou moun ki pa vle wè ou yo. 参见章节 |