Ou menm, O wa, ou te fè yon dekrè ke tout moun ki tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, yo va pwostène pou adore imaj an lò a.
Genyen sèten Jwif ke ou te chwazi sou administrasyon pwovens Babylone nan, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Mesye sila yo, O wa, pa t okipe ou. Yo pa sèvi dye pa ou yo, ni adore imaj an lò ke ou te fè monte a.”
Epi yo te reponn, e te pale devan wa a: “Daniel, ki se youn nan egzile ki soti Juda yo pa okipe ou, O wa, ni dekrè ke ou te siyen an, men kontinye fè petisyon li yo twa fwa pa jou.”
Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe jete nan fòs lyon an.