Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 2:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 “Ou menm, O wa, ou t ap gade e vwala, te gen yon sèl gwo estati. Estati sa a, ki te byen laj e tèlman bèl, te kanpe devan ou e aparans li te etonan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Monwa, ou fè yon vizyon. Ou wè yon gwo estati byen wo kanpe devan ou. Li te klere kou sa m pa konnen. Bagay pou fè moun pè anpil.

参见章节 复制




Danyèl 2:31
11 交叉引用  

Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.


akoz sa, gade byen, Mwen va mennen etranje yo sou ou, sila ki pi sovaj pami nasyon yo. Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou, e yo va souye gwo bèlte ou a.


“Se sa ki te rèv la. Konsa, nou va bay lentèpretasyon li devan wa a.


Ou menm, O wa, ou se wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a.


Wa Nebucadnetsar te fè yon estati fèt an lò ak yon imaj lò, wotè a sila a te swasant koude e lajè li sis koude. Li te fè l monte sou plèn Dura nan pwovens a Babylone.


Nan lè sa a bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen.


Yo plen tout moun ak gwo laperèz, ak lakrent. Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm.


Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo.


Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan.


跟着我们:

广告


广告