Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 2:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Akoz sa, wa a te vin ranpli ak kòlè ak gwo mekontantman, e li te bay lòd pou detwi tout mesye saj Babylone yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Lè wa a tande sa, li move. Li fè yon sèl kòlè, li bay lòd touye dènye nèg save ki lavil Babilòn.

参见章节 复制




Danyèl 2:12
14 交叉引用  

Paske rankin va touye moun ki plen foli, e jalouzi va touye moun senp lan.


Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.


Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò; men yon nonm saj va kalme li.


Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò; men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.


Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò; sila ki fè l fache va pèdi lavi l.


Yon nonm an kòlè pwovoke konfli e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.


Akoz sa, Daniel te antre kote Ajoc, ke wa a te chwazi pou detwi mesye saj a Babylone yo. Li te antre e te pale avè l konsa: “Pa detwi mesye saj a Babylone yo! Pran m antre nan prezans a wa a, e mwen va deklare entèpretasyon an bay wa a.”


Wa a te reponn a Kaldeyen yo: “Lòd mwen an fin etabli: si nou pa fè m konnen rèv la ak entèpretasyon li a, nou va vin chire mòso an mòso, e lakay nou va vin yon pil ranblè.


Epi Nebucadnetsar byen anraje ak kòlè te pase lòd pou mennen Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Epi mesye sila yo te mennen devan wa a.


Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a.


Akoz grandè ke Li te bay li a, tout pèp yo, nasyon ak lang yo te gen lakrent li, e te tranble devan l. Nenpòt moun li te pito, li te touye l, e nenpòt moun li te pito, li te lese l viv. Epi nenpòt moun li te pito, li te leve l e nenpòt moun li te pito, li te imilye l.


Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.


Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.


跟着我们:

广告


广告