Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 12:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Mwen tande sa l te di a, men mwen pat konprann. Konsa, mwen mande l: — Men, mèt, ki jan sa ap fini menm?

参见章节 复制




Danyèl 12:8
9 交叉引用  

Koulye a, mwen gen tan vini pou bay ou konprann de sa ki va rive a pèp ou a nan dènye jou yo, paske vizyon an apatyen a anpil jou ki poko rive.”


Konsa youn te di a mesye abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: “Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?”


Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ki li va pou yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.


Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an.


Alò, mwen te tande sila ki sen an ap pale, e yon lòt ki sen te di a sila ki t ap pale a: “Pandan konbyen tan vizyon a sakrifis nòmal la va kontinye, pandan transgresyon an ap ravaje e kite ni sen lye an ansanm ak lame a vin foule anba pye?”


Men disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.


Nan kòmansman, disip Li yo pa t konprann bagay sa yo, men lè Jésus te resevwa glwa, Yo sonje ke yo te ekri sou Li e ke yo te fè L bagay sa yo.


Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L.


pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.


跟着我们:

广告


广告