42 Anplis, li va lonje men li kont lòt peyi yo, e peyi Egypte la p ap chape.
42 Wi, l'ap anvayi tout peyi yo. Ata peyi Lejip p'ap chape.
Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb.
Anplis, li va antre nan Peyi Laglwa a, e anpil peyi va ranvèse. Men sila yo va delivre soti nan men li: Edom Moab, ak premye nan fis a Ammon yo.
Men li va pran kontwòl tout trezò kache ak lò, ajan ak tout bagay presye an Egypte yo. Libyen yo ak Etyopyen yo va swiv pye li yo.
Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, Lapli p ap tonbe sou yo.
Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.