Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 11:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Ak lèv flatè, li va sedwi sila ki vyole akò yo, men pèp ki konnen Bondye a va kanpe fèm pou aji.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l.

参见章节 复制




Danyèl 11:32
27 交叉引用  

“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Lè m te wè ke yo te pè, mwen te leve pale avèk gwo moun yo, chèf yo ak tout lòt moun yo: “Pa pè yo; sonje Senyè a gran e mèvèye. Goumen pou frè nou yo, fis nou yo, fi nou yo, madanm nou yo ak lakay nou yo.”


Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou, paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone sila ki mete konfyans nan Ou yo.


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; e sila ki fè manti a, p ap chape.


Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo, e zèv a lang flatè a se dega.


“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”


“Nan plas li a, yon nonm meprizab va vin leve, a sila tit a wa a pa t vin bay. Men li va vini nan yon tan trankil e li va sezi wayòm nan ak ti manèv koken flatè moun.


Alò, lè yo tonbe, yo va resevwa yon ti èd, men anpil lòt moun va vin jwenn ak yo an ipokrizi.


Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.


Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.


“E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vrè Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a.


Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.


Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.


跟着我们:

广告


广告