Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 11:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Selon toulède wa sa yo, kè yo apiye vè fè mal. Yo va pale manti youn ak lòt sou menm tab, men sa p ap reyisi, paske fen an toujou gen pou vini nan lè apwente a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Apre sa, de wa yo pral chita manje ansanm sou menm tab, men tou de pral gen move lide dèyè tèt yo, yonn ap bay lòt manti. Yo yonn yo p'ap jwenn sa yo bezwen an, paske lè a p'ap kò rive.

参见章节 复制




Danyèl 11:27
24 交叉引用  

Alò, Absalom te di: “Si se pa sa, souple kite frè m nan, Amnon, ale avèk nou.” Epi wa a te di li: “Poukisa li dwe ale avèk ou?”


Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.


Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.


Non, nan kè, nou fòmante inikite. Sou latè, nou peze balans pou separe bay vyolans ak men nou.


Moun nan pozisyon ba yo se se sèl yon souf nan van. Moun ki plase wo yo se manti. Nan pèz balans yo, se monte, yap monte. Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.


Yo fè manèv pou enjistis e di: “Nou prè pou yon konplo byen fòme”. Paske panse lenteryè a moun se byen fon.


Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo; men konseye lapè yo gen jwa.


Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.


Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan, se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.


“Pale, ‘Konsa di Senyè BONDYE a: “Èske li va grandi byen? Èske li pa p rache rasin li yo, e koupe fwi li, pou li fennen nèt—pou tout fèy k ap pete yo ta fennen? Epi kit se pa gwo fòs, kit se pa anpil moun, li p ap ka leve sòti nan rasin li ankò.


Nan twazyèm ane Cyrus, wa Perse la, yon mesaj te revele a Daniel, ki te rele Belschatsar. Mesaj la te vrè; menm yon gran gè. Li te konprann mesaj la, e te gen konprann vizyon an.


Konsa, li va retounen nan sid, nan peyi li ak anpil piyaj. Men kè li va kont akò sen an, e li va pran desizyon retounen nan peyi li.


“Nan lè apwente a, li va retounen antre nan Sid la. Men nan fwa sa a, li p ap menm jan li te ye fwa avan an.


Kèk nan sila ki gen bon konprann yo va tonbe pou yo ka rafine pirifye, e fè yo blan, jis menm lè dènye tan an rive. Akoz li toujou gen pou vini nan lè apwente a.


“Nan lè lafen an wa Sid la va atake li. Wa Nò a va rive kont li ak cha, ak chevalye, e ak anpil bato. Epi li va antre nan peyi yo, debòde yo e pase anndan yo.


Konsa, li te vin toupre kote mwen te kanpe a. Lè l te parèt, mwen te gen gwo laperèz, e mwen te tonbe sou figi m. Men li te di mwen: “Fis a lòm, konprann vizyon an; paske vizyon an apatyen a bagay a dènye tan yo.”


Li te di: “Gade byen, mwen va fè ou konnen sa k ap vin rive nan dènye epòk gwo kòlè a, paske li apatyen a moman ki chwazi pou lafen an.


Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. La p pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize.


Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L.


paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”


Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen.


跟着我们:

广告


广告