Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 11:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Epi wa Nò a va vini, li va monte yon teras e li va pran yon vil byen fòtifye. Konsa, lame a Sid yo p ap ka kanpe, ni meyè solda byen chwazi li yo. Li p ap gen okenn fòs pou l ka kanpe.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Se konsa, wa peyi Siri a pral sènen yon lavil ki gen gwo ranpa. L'ap pran l. Sòlda lame peyi Lejip yo p'ap ka kenbe tèt avè l. Menm pi bon nan sòlda yo p'ap gen fòs ankò pou kenbe.

参见章节 复制




Danyèl 11:15
11 交叉引用  

Paske konsa pale SENYÈ Israël la konsènan kay nan vil sa yo, e konsènan kay a wa a Juda k ap vin kraze pou fè yon ranpa kont balkon tè syèj yo e kont nepe a,


“Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye.


Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray syèj ki te antoure li.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo; “Koupe pyebwa li yo, e fè monte yon ran syèj kont Jérusalem. Se vil ki dwe pini an, vil ki plen opresyon an.


Farawon ak lame pwisan li an, ak gran fòs pèp li a, p ap ede li nan lagè a, lè yo fè monte ran syèj e bati miray syèj pou koupe lavi anpil moun.


Konsa, poze fè syèj kontra li. Bati yon miray syèj, leve teras, fòme kan a, prepare e pozisyone dè belye mouton kont li tout ozanviwon.


“Alò, nan tan sila yo, va gen anpil moun ki va leve kont wa Sid la. Sila ki vyolan pami pèp nou an va leve yo menm pou etabli vizyon an, men yo va tonbe.


Apre kèk ane, yo va fè yon alyans e fi wa a Sid la va vin kote wa Nò a pou antann yo pou yo gen lapè. Men fi a p ap ka kenbe pozisyon pouvwa li a. Ni li menm wa Sid la, li p ap ka kenbe pouvwa pa li a; men fi a va vin livre, ansanm ak sila ki te mennen l antre ak sila ki te devni papa l, menm ak sila ki te bay li soutyen nan lè sa yo.


Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li.


Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou.


跟着我们:

广告


广告