Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Danyèl 11:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 “Wa Sid la va anraje e vin goumen ak wa Nò a. Epi dezyèm nan va leve yon gwo foul lame kont premye a, men foul lame sila a va livre nan men a premye a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Wa peyi Lejip la pral fache. Li pral leve yon gwo lame pou l'al goumen ak wa peyi Siri a, l'ap fè tout sòlda lame wa peyi Siri a prizonye.

参见章节 复制




Danyèl 11:11
13 交叉引用  

Alò, lapoula, yon pwofèt te pwoche Achab, wa Israël la, e te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Èske ou te wè tout gran kantite foul sila a? Veye byen, Mwen va livre yo nan men ou jodi a e ou va konnen ke se SENYÈ a Mwen ye.’”


Alò, yon nonm Bondye te vin toupre pou te pale a wa Israël la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz Siryen yo te di: “SENYÈ a se yon dye a mòn yo, men Li pa yon dye nan vale yo,” pou sa, mwen va bay tout vast kantite moun sa yo nan men ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”


Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.


Koulye a, Mwen te bay tout peyi sila yo nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone, sèvitè Mwen an e Mwen te bay li, anplis, bèt sovaj chan yo pou sèvi li.


Epi foul lame a va vin leve retire. Kè li va vin egzalte e li va fè sòlda tonbe pa di-milye, men, li p ap ka enpoze li.


“Nan lè lafen an wa Sid la va atake li. Wa Nò a va rive kont li ak cha, ak chevalye, e ak anpil bato. Epi li va antre nan peyi yo, debòde yo e pase anndan yo.


Men rimè ki sòti nan Lès ak nan Nò va vin twouble li. Li va soti deyò ak gwo kòlè pou detwi e fè anpil disparèt nèt.


“Epi wa a Sid la va vin fò, ansanm ak youn nan prens li yo ki va vin pi fò ke li, e li va domine li. Dominasyon li an va vrèman gran.


Epi nenpòt kote fis a lòm yo rete, oswa bèt nan chan yo, oswa zwazo syèl yo, Li te bay yo nan men ou, e Li te fè ou chèf sou yo. Ou se tèt an lò a.


Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li.


跟着我们:

广告


广告