Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Amòs 9:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Nan jou sa a, Mwen va fè leve Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo;

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Senyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l. Kounyeya li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l te ye nan tan lontan an.

参见章节 复制




Amòs 9:11
37 交叉引用  

Èske Ou pa t fè yon kloti antoure li avèk lakay li avèk tout sa li genyen sou chak kote? Ou te beni zèv men li yo, e byen li grandi anpil nan peyi a.


Mwen sonje ansyen jou yo. Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè. Mwen panse sou zèv men Ou yo.


Poukisa Ou te kraze tout kloti li yo, pou tout sila ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?


Ou te kraze tout miray li yo. Ou te fè sitadèl li yo kraze nèt.


Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati.


Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a: Mwen va retire kloti li e li va brile; Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.


Sila ki pami ou yo va rebati ansyen mazi yo. Ou va fè releve ansyen fondasyon yo. Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la, Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.


Men konsa, Li a te vin sonje ansyen jou yo ak Moïse e pèp Li. Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè ak bèje a bann mouton Li yo? Kote Li, Sila ki te mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”


Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda. Menm chwazi pa M yo va eritye l e sèvitè Mwen yo va demere la.


Oswa, nan yon lòt moman, Mwen ka pale konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou bati li, oswa pou etabli li.


Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.


Mwen va livre yo a sila k ap chache touye yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan ak nan men chèf li yo. Malgre sa, apre, li va vin gen moun ki rete ladann jan li te ye nan tan pase a.” deklare SENYÈ a.


Restore nou a Ou menm O SENYÈ, pou nou ka vin restore. Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.


Tout pyebwa nan chan yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Mwen desann pyebwa ki byen wo a, egzalte pyebwa ki ba a, seche pyebwa ki vèt la e fè pyebwa ki sèch la fleri. “‘Mwen, SENYÈ a, te pale e Mwen te akonpli sa.’”


Mwen va miltipliye sou nou, ni moun, ni bèt. Yo va vin ogmante e yo va bay fwi, epi Mwen va fè nou peple teren an jan nou te ye avan an, e Mwen va trete nou pi byen ke avan. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.


Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.


Men sou mòn Sion, va genyen sila ki chape yo, e mòn sa va sen. Epi lakay Jacob va posede posesyon yo.


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


Sa va yon jou pou bati miray ou yo. Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi.


Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a, bann mouton a eritaj Ou a, ki rete pou kont yo, nan forè. Kite yo manje nan mitan bon pa, nan Basan ak Galaad, tankou nan ansyen tan an.


Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen. Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò. Malgre mwen chita nan tenèb, SENYÈ a va yon limyè pou mwen.


SENYÈ a va osi sove anpremye tant a Juda yo, pou glwa kay David la, e glwa a sila ki viv rete Jérusalem, p ap depase Juda.


Tout peyi a va devni yon savann, depi Guéba jis rive Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a.


Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele Scion an. Li va grandi soti kote Li ye a, e Li va bati tanp SENYÈ a.


Édom va yon posesyon pou li. Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li, pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj.


跟着我们:

广告


广告