Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Amòs 8:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo ak jennonm yo va vin endispoze akoz swaf la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Nan tan sa a, bèl jenn fi yo ak jenn gason yo va tonbe feblès paske yo p'ap jwenn sa y'ap pwonmennen chache a.

参见章节 复制




Amòs 8:13
13 交叉引用  

O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.


Malgre moun jenn yo febli e vin bouke, e jenn nom plen kouraj yo vin glise tonbe;


Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo, ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo; paske yo tout se malfektè ki san Bondye e bouch yo tout ap pale nan foli. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen, e men L toujou lonje.


O fi ki rete Dibon an, “Desann kite glwa ou pou vin chita sou tè sèk; paske destriktè Moab la te vin kont ou. Li te detwi sitadèl ou yo.


SENYÈ a jis; paske mwen te fè rebèl kont lòd Li. Tande koulye a, tout pèp yo e gade byen doulè m nan. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te antre an kaptivite.


Ansyen a fi a Sion yo chita atè. Yo rete an silans. Yo te jete pousyè sou tèt yo. Yo abiye yo ak twal sak. Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.


Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.


sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt toutouni menm jan ak jou li te fèt la; pou fè l vin tankou yon peyi dezè e touye li ak swaf.


Paske manman yo te fè pwostitisyon. Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di: ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo, ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen, lwil ak bwason mwen.’


Paske a la gran, bonte Li va gran, e a la gran, bèlte Li va gran! Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere ak diven nèf pou vyèj yo.


Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, epi pa anndan, gwo laperèz, ni sou jennonm ni vyèj la, tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.


跟着我们:

广告


广告