Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Amòs 6:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Alò tonton a youn, oswa mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a pa dwe nonmen menm.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Lè yon fanmi moun mouri a va vin pran kadav la andan kay la pou l'al antere l, l'a pale ak moun ki nan fon kay la, l'a mande: Eske gen moun la ankò ak ou? Yon vwa va reponn: Non, pa genyen. Lè sa a, l'a di: Pe bouch nou! Pa nonmen non Bondye nan bagay sa a!

参见章节 复制




Amòs 6:10
11 交叉引用  

Alò, lè Josias te vire gade, li te wè tout simityè ki te sou mòn nan e li te voye pran zo ki te ladann yo, li te brile yo sou lotèl la e te souye li pa pawòl SENYÈ a, ke nonm Bondye a te pwoklame a, sila ki te pwoklame bagay sa yo.


Pandan li te toujou ap pale avèk yo, men vwala, mesaje a te desann kote li. Li te di: “Men gade, mechanste sa a sòti nan SENYÈ a; poukisa mwen ta dwe tann SENYÈ a ankò?”


Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo.


“Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, tout moun Juda ki rete nan peyi Égypte la: ‘Gade byen, Mwen te sèmante pa gran non Mwen,’ SENYÈ a di: ‘Pinga non Mwen janm nome ankò nan bouch a okenn moun Juda nan tout peyi Égypte la, pou ta di: “Jan Senyè BONDYE a viv la.”


Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.


“Pou nou menm, O lakay Israël,” deklare Senyè Bondye a: “Ale, nou chak sèvi zidòl pa nou; menm pi ta tou, si nou p ap koute M. Men nou p ap pwofane non sen M ankò ak ofrann ak zidòl nou yo.


‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe.


Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la oblije rete an silans, paske tan an vin plen ak mechanste.


Kantik a tanp la va tounen chan lamantasyon nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a. “Kadav yo va anpil. Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.


Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri!


tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan lan. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la.


跟着我们:

广告


广告