Amòs 5:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo; ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a bèt gra nou yo. 参见章节1998 Haïtienne22 Lè n'a pote bèt pou boule pou mwen, lè n'a fè m ofrann gato, sa p'ap fè m plezi. Ni mwen p'ap menm gade bèt gra nou pote vin ofri m pou di m mèsi. 参见章节 |
Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.