“‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.
Paske SENYÈ a va travèse pou frape Ejipsyen yo; epi lè Li wè san sou travès lento pòt yo, ak sou de chanbrann pòt yo, SENYÈ a va pase sou pòt la, e Li p ap kite destriktè a antre nan kay nou pou frape nou.
Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann.
Konsa, lajwa ak kè kontan vin retire nan chan plen ak fwi a, menm nan Moab. Epi Mwen te fè diven vin sispann nan pèz diven yo. Pèsòn p ap foule yo ak gwo kri. Kri ki genyen, se ke pa gen kriye menm.
Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an. Nan lè sa a Jérusalem va sen, e etranje yo p ap pase ladann ankò.
Konsa pale SENYÈ a: “Byenke yo plen fòs, e yo gen anpil moun; malgre sa, yo va vin koupe retire e disparèt. Byenke Mwen te aflije ou, Mwen p ap aflije ou ankò.
Gade byen, sou mòn yo, pye a li ki pote bòn nouvèl, ki anonse lapè yo! Fè fèt nou, O Juda! Akonpli ve nou yo. Paske sa p ap janm rive ankò pou mechan sila an vin pase nan mitan nou. Li fin koupe retire nèt.
Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a, pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen. Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò. Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.