Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.
Yo te di l: “Men konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo malè, repwòch ak rejè; paske pitit yo rive nan lè pou yo fèt e nanpwen fòs pou akouche yo.
Alò tonton a youn, oswa mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a pa dwe nonmen menm.”
Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont pèp sa a, yon malè k ap fè nou p ap ka retire kou nou; ni nou p ap ka mache ak awogans, paske sa se yon move tan.
Mwen te tande, e zantray mwen te tranble. Lèv mwen te tranble ak son vwa a. Pouiti la lantre nan zo m, mwen te tranble sou plas, paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kal, tan pèp la k ap leve vin anvayi nou.