Amòs 3:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen14 “Paske nan jou ke Mwen va vizite transgresyon Israël yo sou li, Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo. Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt. Yo va tonbe atè. 参见章节1998 Haïtienne14 Lè jou a rive pou m pini pèp Izrayèl la pou peche l yo, m'a detwi tout lotèl ki nan lavil Betèl la. Kòn lotèl yo ap kase, y'ap tonbe atè. 参见章节 |
Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.