Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Amòs 1:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Akoz sa, Mwen va voye dife sou miray Tyr la, e li va devore sitadèl li yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Se poutèt sa, m'ap voye dife sou miray lavil Tir. L'ap boule gwo kay li yo ra tè.

参见章节 复制




Amòs 1:10
8 交叉引用  

Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo, pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo; paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo, retay a kot Caphtor a.


Anplis, yo va fè piyaj a tout richès ak machandiz ou yo. Yo va kraze mi ou yo, detwi bèl kay ou yo, e jete wòch ak, poto bwa yo ak tout ranblè ou yo nan dlo.


Yo va detwi miray a Tyr e demoli tou wo li yo. Anplis, Mwen va grate retire ranblè li yo, e fè l vin yon wòch vid.


Akoz gwo fòs kantite inikite ou yo, nan enjistis de komès ou a, ou te pwofane sanktyè ou yo. Akoz sa, Mwen te mennen dife soti nan mitan ou. Li fin manje ou nèt. Mwen te fè ou vin tounen sann sou tè a devan zye a tout moun ki wè ou yo.


“Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon, ak tout rejyon a Philistine yo? Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen? Men si Mwen pa jwenn rekonpans byen vit e san delè, Mwen va fè rekonpans nou an retounen sou tèt nou.


Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.


Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a, epi li va devore sitadèl li yo nèt.


Gade byen, SENYÈ a va rache tout sa li posede, e jete tout richès li yo nan lanmè. Li va devore nèt ak dife a.


跟着我们:

广告


广告