Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Abakik 3:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Ou te frennen tèt gèye li yo ak pwòp nepe yo. Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou. Ak gwo lajwa yo te tankou sila ki devore malere an sekrè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a, lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou. Je yo gran louvri ak kontantman tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a.

参见章节 复制




Abakik 3:14
18 交叉引用  

Li chita nan anbiskad pou veye vil yo; nan anbiskad yo, li touye inosan yo. Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.


Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen. Sila ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.


Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”


“Nan lè lafen an wa Sid la va atake li. Wa Nò a va rive kont li ak cha, ak chevalye, e ak anpil bato. Epi li va antre nan peyi yo, debòde yo e pase anndan yo.


Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo, e flèch Li va pati tankou kout loray. Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, e Li va mache nan van tanpèt sid yo.


Lè yo te soufle twa-san twonpèt yo, SENYÈ a te mete nepe a youn kont lòt e kont tout lanmè a nèt. Konsa, lame a te sove ale jis rive nan Beth-Schitta anvè Tseréra, jis rive nan Abel-Mehola akote Tabath.


跟着我们:

广告


广告