Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Abakik 3:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a, pou sali pèp onksyon Ou an. Ou te frape tèt peyi mechanste an. Ou te ekspoze li nèt, depi nan kwis li pou rive nan kou l. Selah.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Ou sòti pou delivre pèp ou a, pou sove wa ou chwazi a. Ou kraze chèf mechan yo. Ou detwi tout moun li yo nèt.

参见章节 复制




Abakik 3:13
26 交叉引用  

Konsa, David te vini Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim.


“Pa touche onksyone mwen yo! Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”


Li te voye Moïse, sèvitè Li a, avèk Aaron ke Li te chwazi.


Li va jije pami nasyon yo. Li fè gwo pil kadav yo, Li va brize tèt a chèf tout latè a.


Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan, ke yo te di: “Raze l nèt! Raze l jis rive nan fondasyon li.”


Alò, mwen konnen ke SENYÈ a va delivre moun onksyone pa Li a. Li va reponn li soti nan syèl sen Li an, avèk delivrans pwisan men dwat Li a.


SENYÈ a se fòs yo. Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.


O Bondye, lè Ou te sòti devan pèp Ou a, lè Ou te mache travèse dezè a,


Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann, pa men Moïse avèk Aaron.


Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e Samuel te pami sila ki te rele non Li yo. Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.


Men konsa, Li a te vin sonje ansyen jou yo ak Moïse e pèp Li. Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè ak bèje a bann mouton Li yo? Kote Li, Sila ki te mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”


O ke Ou ta chire syèl yo, ke Ou ta desann, ke mòn yo ta tranble devan prezans Ou—


Konsa, Mwen va demoli miray ke nou te kouvri ak randisaj la jis rive atè, jis fondasyon li yo fin ekspoze nèt. Epi lè l tonbe, nou va vin manje nan mitan li. Epi nou va vin konprann ke se Mwen ki SENYÈ a.


Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an moso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va touye rès yo ak nepe. Yo p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape.


Pandan yo t ap sove ale devan Israël, pandan yo t ap desann pant Beth-Horon an, SENYÈ a te voye gwo wòch sòti nan syèl la sou yo jis rive Azéka, e yo te mouri. Pifò nan yo te mouri akoz gwo lagrèl ke sila ke fis Israël yo te touye avèk lam nepe yo.


Lè yo te mennen wa sa yo sòti kote Josué, Josué te rele tout mesye Israël yo. Li te di a chèf gèrye yo ki te ale avèk l, “Vin mete pye nou sou kou a wa sa yo.” Epi yo te vini epou te mete pye yo sou kou yo.


Jousé te kaptire tout wa sila yo avèk peyi yo nan yon sèl kou, akoz SENYÈ a, Bondye a Israël la, te goumen pou Israël.


Josué te kaptire tout vil a wa sila yo, ak tout wa yo. Li te frape yo avèk lam nepe e li te detwi yo nèt, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a te kòmande a.


SENYÈ a te livre yo nan men Israël pou yo te genyen yo. Yo te kouri dèyè yo jis rive nan Gran Sidon, ak Misrepoth-Maïm avèk vale a Mitspa nan lès. Yo te frape yo jiskaske pèsòn pa t viv ladan yo.


跟着我们:

广告


广告