“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
Ankò, li te mezire mil koude; epi yon rivyè ke m pa t ka travèse, paske dlo a te vin leve, te gen ase dlo naje ladann, yon rivyè ki pa t ka janbe sou pye.
Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè, epi bay glwa a non Ou? Paske se Ou sèl ki sen. Paske tout nasyon yo va vini pou adore devan Ou. Paske zèv ladwati Ou yo, Ou gen tan revele.”