Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 9:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 ‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan teren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan teren an, selon pawòl SENYÈ a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Menm jan ayè, mwen te wè jan nou te touye Nabòt ak pitit gason l yo, se konsa m'a ba ou sa ou merite a nan menm jaden an. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Kounyeya, pran kadav li, jete l nan jaden Nabòt la, jan Senyè a te di l la.

参见章节 复制




2 Wa 9:26
12 交叉引用  

Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch.


Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’”


Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.” Epi yo te prepare cha li a. Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu, e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la.


Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li:


Lè yo te kite Joas, (akoz yo te kite li byen blesi), pwòp sèvitè li yo te fè konplo kont li akoz san fis Jehojada a, prèt la, e yo te asasine li sou kabann li an. Konsa, li te mouri e yo te antere li lavil David la, men yo pa t antere li nan tonm a wa yo.


Sepandan, li pa t touye pitit yo, men li te swiv sa ki ekri nan lalwa nan liv Moïse la, ke SENYÈ a te kòmande, ki te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”


Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,


“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,


“Malgre sa, ou di: ‘Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? Lè fis la pratike jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e fè yo, anverite, li va viv.


Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te peche kont pwòp nanm ou.


“Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.


Nou pa pou adore yo ni sèvi yo; paske Mwen, SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Dye jalou, ki vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,


跟着我们:

广告


广告