Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 9:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Konsa, yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la. Yo te soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: — Viv Jeou, wa peyi Izrayèl!

参见章节 复制




2 Wa 9:13
12 交叉引用  

Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’”


Paske li te desann jodi a pou te fè sakrifis bèf avèk bèt gra, ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk chèf lame a, avèk Abiathar, prèt la. Men vwala, y ap manje bwè devan li, epi yo di: ‘Viv wa Adonija!’


Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li la kòm wa sou Israël. Soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’


Tsadok, prèt la, te pran kòn lwil la nan tant lan pou te onksyone Salomon. Yo te soufle twonpèt la, e tout pèp la te di: “Viv wa Salomon!”


Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te mete kouwòn nan sou tèt li, avèk temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!”


Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”


Yo te di: “Sa se manti. Pale nou koulye a.” Li te di: “Li te di m, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te onksyone ou wa sou Israël”’”.


Avèk twonpèt ak son a kòn. Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.


Pandan li t ap prale, yo t ap ouvri rad yo sou wout la.


跟着我们:

广告


广告