Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 8:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Alò, li te ale avèk Joram, fis a Achab la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad e Siryen yo te blese Joram.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Wa Okozyas mete tèt ansanm ak wa Joram, pitit Akab, pou y'al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt bò lavil Ramòt nan peyi Galarad. Sòlda peyi Siri yo blese Joram nan batay la.

参见章节 复制




2 Wa 8:28
18 交叉引用  

Li va vin rive ke sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò.


Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad.


Ben-Guéber nan Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li);


Alò, li te voye kote Josaphat, wa Juda a. Li te di: “Wa Moab la te fè rebèl kont mwen. Èske ou va monte avè m pou goumen kont Moab?” Li te reponn: “M ap monte. Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.”


Nan jou swivan an, li te pran yon gwo kouvèti a, li te fonse l nan dlo e li te ouvri li sou figi li, jiskaske wa a te mouri. Konsa, Hazaël te vin wa nan plas li.


Konsa, Wa Joram te retounen nan Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li nan Rama a lè li te goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann wè Joram, fis Achab la nan Jizréel akoz li te malad la.


Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e pran bokal lwil nan men ou pou monte Ramoth-Galaad.


Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a.


Men Wa Joram te fin retounen a Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li lè li te goumen avèk Hazaël, wa Syrie a. Konsa, Jéhu te di: “Si sa se volonte ou, pa kite pèsòn chape kite vil la pou ale pale Jizréel.”


Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel, paske Joram te kouche la. Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram.


Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te kriye anmwey, e SENYÈ a te fè l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l.


Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou?


Li te osi mache selon konsèy pa yo, e te ale avèk Joram, fis a Achab la, wa Israël la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad. Men Siryen yo te blese Joram.


Lòtbò Jourdain an, sòti Jéricho vè lès, yo te dezinye Betser nan dezè a sou plèn nan pou tribi Ruben an, Ramoth nan Galaad pou tribi Gad la ak Golan nan Basan pou tribi Manassé a.


Soti nan tribi Gad la, Ramoth nan Galaad, vil azil la ak Mahanaïm avèk teren patiraj pa li,


跟着我们:

广告


广告