Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 8:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Konsa, Joram te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la. Epi Achazia te devni wa nan plas li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Lè Joram mouri, yo antere l nan kavo zansèt li yo nan lavil David la. Apre sa, se Okozyas, pitit li a, ki moute wa nan plas li.

参见章节 复制




2 Wa 8:24
18 交叉引用  

Epi Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan vil a papa li, David e fis li a, Roboam te renye nan plas li.


Tan ke Jéroboam te renye a te venn-dezan. Konsa, li te dòmi avèk zansèt li yo, e Nadab, fis li a te renye nan plas li a.


Epi Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David. Non manman li se te Naama, fi Amonit lan. Abijam, fis li a, te vin wa nan plas li.


Konsa, David te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere nan lavil David la.


Jéhu te rankontre fanmi a Achazia, wa Juda a. Li te mande: “Se kilès nou ye?” Yo te reponn: “Nou se fanmi a Achazia. Nou te vin desann pou salye fis a wa yo avèk fis a rèn nan.”


Epi yo te mennen kò li sou cheval yo, e li te antere Jérusalem avèk zansèt li yo nan vil David la.


Epi Jotham te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David, papa zansèt li a; epi Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.


Konsa, Achaz te dòmi avèk zansèt pa li yo, e li te antere avèk zansèt pa li yo nan lavil David la. Fis li, Ézéchias, te renye nan plas li.


Tout lòt zèv a Joram yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a wa a Juda yo?


Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la.


Joram, fis pa li a; Achazia, fis pa li a; Joas, fis pa li a;


Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li.


Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof Joachaz, pi piti nan fis li yo.


Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, men pa nan tonm a wa yo.


Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.


Pèp Jérusalem la te fè Achazia, pi piti fis li a, wa nan plas li, akoz bann mesye ki te vini ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran yo. Konsa Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a te kòmanse renye.


Pou sa, li te retounen pou geri nan Jizreel akoz blese ke yo te ba li nan Rama yo, lè li te fin goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann pou wè Joram, fis a Achab la Jizreel, akoz li te malad.


Alò Joas, wa Israël la te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Joachaz la, nan Beth-Schémesch. Li te mennen li Jérusalem, e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Éphraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, kat-san koude nan longè.


跟着我们:

广告


广告