Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 8:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Epi Joram te travèse kote Tsaïr e tout cha li yo avèk li. Li te leve nan lannwit pou te frape Edomit ki te antoure li avèk kapitèn a cha yo, men lame pa li a te sove ale rive nan tant pa yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Se konsa Joram sòti ak tout cha lagè li yo, li mache sou lavil Zayi. Lame moun Edon yo sènen l. Pandan lannwit, li menm ak chèf cha lagè li yo, yo leve yo atake moun Edon yo ki te sènen yo, yo pase sòti nan mitan yo, yo chape. Tout sòlda yo gaye al lakay yo.

参见章节 复制




2 Wa 8:21
4 交叉引用  

Yo te pran Absalom, yo te jete li nan yon gwo twou vid nan mitan forè a e te monte sou li yon gwo pil wòch. Epi tout Israël te sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo.


Pou sa, wa a te leve chita nan pòtay la. Lè yo te pale tout pèp la e te di: “Men vwala, wa a chita nan pòtay la,” alò, tout pèp la te vini devan wa a. Alò, Israël te fin sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo.


Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.


Men lè nou wè Jérusalem antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre.


跟着我们:

广告


广告