2 Wa 6:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen32 Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?” 参见章节1998 Haïtienne32 Wa a voye yon mesaje al chache Elize. Lè sa a, Elize te chita lakay li ak kèk chèf fanmi ki t'ap vizite l. Men, anvan mesaje wa a gentan rive, Elize di chèf fanmi yo: — Gade, Ansasen an voye yon moun pou touye m. Men sa n'ap fè. Lè mesaje wa a va rive, fèmen pòt la sou li. Pa kite l antre. Wa a pye pou pye dèyè l. 参见章节 |