Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 6:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Konsa, li te prepare yon gran repa pou yo, epi lè yo te fin manje e bwè, li te voye yo ale. Yo te ale kote mèt pa yo, epi bann piyajè Siryen yo pa t vini ankò nan peyi Israël.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Se konsa, wa a fè yon gwo resèpsyon pou yo. Yo manje, yo bwè. Lèfini, wa a voye yo ale jwenn mèt yo. Depi lè sa a, sòlda peyi Siri yo sispann anvayi peyi Izrayèl la.

参见章节 复制




2 Wa 6:23
10 交叉引用  

SENYÈ a te voye kont li twoup a Kaldeyen yo, twoup a Siryen yo, twoup Moabit yo ak twoup Amonit yo. Li te voye yo kont Juda pou detwi li, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li yo, pwofèt yo.


Alò, Siryen yo te sòti pa ekip e yo te pran an kaptivite yon jenn tifi nan peyi Israël; epi li te sèvi madanm a Naaman an.


Epi mesye ki te chwazi pa non yo te leve, pran kaptif yo, yo te mete rad ki sòti nan piyaj la sou sila ki te toutouni yo. Yo te bay yo rad avèk sandal, yo te bay yo manje e te bay yo bwè, e yo te onksyone yo avèk lwil. Yo te mennen tout sila ki te fèb yo sou bourik e te fè yo rive Jéricho, vil palmis yo, kote frè yo. Konsa, yo te retounen Samarie.


“Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye. Mwen va leve wo pami nasyon yo. Mwen va leve wo sou tè a.”


Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?


“Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vin fis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.


跟着我们:

广告


广告