Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 4:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Li te di, “Poukisa ou w ap al kote l jodi a? Lalin pa nèf, ni li pa Saba a.” Li te reponn: “L ap bon.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Mari a mande l: — Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kote pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl. Madanm lan reponn li: — Sa pa fè anyen!

参见章节 复制




2 Wa 4:23
9 交叉引用  

Konsa, li te rele mari li, e li te di l: “Souple, voye ban m youn nan bourik yo pou m ka al jwenn nonm Bondye a epi tounen.”


Alò, li te sele yon bourik e te di a sèvitè li: “Kondwi pou avanse! Pa ralanti vitès sof ke se mwen ki di ou sa.”


epi pou ofri tout ofrann brile a SENYÈ a, nan Saba yo, nan nouvèl lin yo, avèk fèt etabli yo nan kontwòl ki òdone selon òdonans de yo menm, tout tan san rete devan SENYÈ a.


ka p di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini pou nou ka vann sereyal la? Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a? N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo. Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,


“Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”


“‘Nan kòmansman a chak nan mwa nou yo, nou va prezante yon ofrann brile a SENYÈ a: de towo avèk yon belye, sèt jenn mal mouton, avèk laj 1 nan san defo,


“‘Epi nan jou Saba a, de jenn mouton mal san defo, ak de dizyèm a yon efa farin fen, kon yon ofrann sereyal, mele avèk lwil, avèk ofrann bwason li an:


Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou.


跟着我们:

广告


广告