Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 4:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Konsa, li te mande: “Alò, se kisa ki kab fèt pou li?” Epi Guéhazi te reponn: “Anverite, li pa gen fis, e mari li fin granmoun.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Elize mande Gerazi: — Kisa nou ta ka fè pou li en? Gerazi di li: — Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l fin granmoun!

参见章节 复制




2 Wa 4:14
11 交叉引用  

Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?”


Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.


Alò, lè Rachel te wè ke li pa t fè pitit pou Jacob, li te vin jalou. Li te di a Jacob: “Ban mwen pitit, oswa, m ap mouri.”


Li te di Guéhazi: “Koulye a di li: ‘Gade, ou te byen pran swen nou avèk tout swen sila a. Se kisa nou kapab fè pou ou? Èske ou ta renmen m pale ak wa a pou ou, oswa kapitèn lame a?’” Li te reponn: “Mwen rete pami pwòp pèp pa m.”


Li te di: “Rele li.” Lè li te rele li, li te kanpe nan pòtay la.


Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.


Te gen yon sèten nonm nan Tsorea nan fanmi Danit yo, ki te rele Manoach. Madanm li te esteril e li pa t janm fè pitit.


Li te gen de madanm: youn te rele Anne e lòt la te Peninna. Peninna te fè pitit, men Anne pa t fè pitit.


Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”


跟着我们:

广告


广告