Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 25:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè wa a. Yo te rive pran li nan plèn Jéricho a, e tout lame li a te gaye kite li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Men, lame moun Babilòn yo pousib wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l.

参见章节 复制




2 Wa 25:5
14 交叉引用  

Konsa, yo te kase vil la antre e tout mesye lagè yo te sove ale nan nwit lan pa pòtay antre de mi yo akote jaden a wa a, malgre Kaldeyen yo te antoure tout vil la. Konsa, yo te sòti pa chemen dezè a.


Yo te kaptire wa a e yo te mennen li kote wa Babylone nan Ribla e yo te pase jijman sou li.


Nou te di: “Non, paske nou va sove ale sou cheval”. Akoz sa, nou va sove ale! "Nou va sove ale ak tout vitès”. Konsa, sila ki kouri dèyè ou va vini byen rapid.


Lè l fini”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, sila yo ki chape nan vil sa a de epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou fè yo antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo. Epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’


“Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo.


Ou p ap chape nan men l, paske anverite, ou va kapte e va livre nan men l. Konsa, zye ou va wè wa Babylone nan. Li va pale avèk ou fasafas. Se nan Babylone ou prale.”’”


Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè yo e te kaptire Sédécias nan plèn Jéricho. Yo te sezi li e te mennen li monte kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan Ribla, nan peyi a Hamath la. Epi li te pwononse jijman sou li.


Men lame Kaldeyen an te kouri dèyè wa a. Li te rive sou Sédécias nan plèn Jéricho e tout lame li a te gen tan gaye kite li.


Juda antre an egzil anba gwo opresyon; anba esklavaj byen di. Li demere pami nasyon yo; pou repo, nanpwen. Tout sila k ap pesekite l yo, fin sezi li nan mitan gwo twoub li.


Tout majeste fin kite fi a Sion an. Prens li yo vin tankou sèf ki pa t jwenn patiraj. Yo sove ale san rezistans devan mèt lachas la.


Mwen va gaye nan tout van, tout sila ki antoure li yo, moun k ap ede li yo ak tout sòlda li yo. Epi se nepe a Mwen va rale dèyè yo.


Tout mesye byen chwazi pami sòlda li yo va tonbe pa nepe, e sila ki chape yo va gaye nan tout van. Konsa nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a te pale.’


“Pou nou menm, komanse fè gwo lamantasyon pou prens Israël yo,


跟着我们:

广告


广告