Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 23:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Li te kraze an mòso pilye sakre yo, li te koupe Astarté yo e li te plen plas yo avèk zo moun.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun.

参见章节 复制




2 Wa 23:14
17 交叉引用  

Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso sèpan an bwonz ke Moïse te fè a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan.


Alò, lè Josias te vire gade, li te wè tout simityè ki te sou mòn nan e li te voye pran zo ki te ladann yo, li te brile yo sou lotèl la e te souye li pa pawòl SENYÈ a, ke nonm Bondye a te pwoklame a, sila ki te pwoklame bagay sa yo.


“Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso.


“Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo.


Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwi la pou rete peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò.


Nanpwen moun ki sonje, ni pa gen konesans ni konprann pou l ta di: “Mwen te brile mwatye li nan dife a e anplis, mwen te kwit pen sou chabon li. Mwen boukannen vyann, e mwen manje li. Èske m ap fè rès la vin yon abominasyon? Èske mwen va tonbe ba devan yon bout bwa!”


Anplis, Mwen va poze kadav mò fis Israël yo devan zidòl yo. E Mwen va gaye zo nou yo toutotou lotèl nou yo.


Tout zidòl li yo va vin kraze nèt, tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a, e tout zidòl li yo Mwen va detwi; paske se pou salè a yon pwostitiye ke li te ranmase yo, e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.


“‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.


Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye, oswa sa ki te mouri yon lòt jan, oswa yon tonm.


alò, nou va chase deyò tout abitan nan peyi a soti devan nou. Nou va detwi tout zidòl taye an wòch pa yo, detwi tout imaj fonn yo, e kraze nèt tout wo plas yo.


Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife.


跟着我们:

广告


广告