Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 21:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Paske li te mache nan tout chemen ke papa li te konn mache yo, e li te sèvi zidòl ke papa li te konn sèvi, e te adore yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Li mache pye pou pye dèyè Manase nan tout bagay. Li sèvi zidòl papa l te sèvi yo, li adore yo.

参见章节 复制




2 Wa 21:21
8 交叉引用  

“Akoz Manassé, wa Juda a, te fè abominasyon sila yo, e te fè plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo, e anplis, li te fè Juda peche avèk zidòl pa li yo;


Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo.


Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, jan Manassé, papa li te konn fè a.


Konsa, li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen SENYÈ a.


Lotèl ki te sou twati yo, nan wo chanm Achaz ke wa Juda yo te fè a ak lotèl ke Manassé te fè nan de lakou lakay SENYÈ a, wa a te kraze yo. Li te kraze yo e li te jete poud yo nan flèv Cédron an.


Anplis, Josias te retire moun ki te konn rele lespri mò yo, avèk bòkò avèk zidòl lakay yo ak tout lòt zidòl avèk tout abominasyon ki te konn wè nan tout peyi Juda a avèk Jérusalem, pou li ta kapab konfime pawòl lalwa ki te ekri nan liv ke Hilkija, prèt la, te twouve lakay SENYÈ a.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo te fè.


Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon tout sa ke papa li te konn fè yo.


跟着我们:

广告


广告