Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 20:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te fè sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Tout rès istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sòlda, jan li te bati rezèvwa dlo a ak gwo kannal anba tè pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.

参见章节 复制




2 Wa 20:20
18 交叉引用  

Alò, tout lòt zèv a Jéroboam yo, jan li te fè lagè ak jan li te renye, men vwala, yo ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo.


Alò, tout lòt zèv a Roboam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan liv a Kwonik a Wa Juda yo?


Alò, tout lòt zèv Asa yo avèk tout pwisans li, tout sa li te fè ak vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Men nan tan vyeyès li, li te aflije avèk maladi nan pye li.


Alò, tout lòt zèv a Abijam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Anplis, te gen lagè antre Abijam avèk Jéroboam.


Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, men gade, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.


Alò, tout lòt zèv a Azaria yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?


Alò, tout lòt zèv Achaz te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?


Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la.


Alò, tout lòt zèv a Josias yo, avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?


Tout lòt zèv a Joram yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a wa a Juda yo?


Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive pre lanmò. Li te priye a SENYÈ a. SENYÈ a te pale avèk li e te ba li yon sign.


li te deside avèk ofisye pa li yo ak gèrye pa li yo, pou koupe kouran dlo ki te ale deyò lavil la, e yo te ede li.


Se te Ézéchias ki te bouche sous piwo dlo Guihon yo, e te dirije yo rive nan pati lwès lavil David la. Ézéchias te byen reyisi nan tout sa li te fè.


Alò, tout lòt zèv Ézéchias yo avèk zèv fidèl li yo, vwala, yo ekri nan vizyon Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, nan Liv A Wa Juda Avèk Israël Yo.


Pou sa, anpil moun te rasanble e te bouche tout sous avèk flèv ki te kouri nan zòn nan. Konsa, yo te di: “Poukisa wa Asiryen yo ta dwe vini pou jwenn tout dlo sa a?”


Mwen te pase rive pi lwen nan Pòtay Sous Bwote a, avèk Dlo Etan a Wa a; men pa t gen kote pou bèt mwen an pase.


Apre li menm, Néhémie, fis a Azbuk la, chèf a mwatye distri Beth-Tsur a te fè reparasyon yo jis rive anfas tonm a David yo, rive jis nan etan fèt a lamen avèk kay a mesye vanyan yo.


跟着我们:

广告


广告