Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 20:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Nan tan sa a, Berodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt avèk yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke Ézéchias te konn malad.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.

参见章节 复制




2 Wa 20:12
10 交叉引用  

Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo.


Pou koz sa a, yo te rele non vil la Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.


Konsa, David te di: “Mwen va montre bòn volonte mwen a Hanun, fis a Nachasch la, jis jan ke papa li te montre m bòn volonte a.” Konsa, David te voye kèk nan sèvitè li yo pou konsole li konsènan papa li. Konsa, sèvitè a David yo te rive nan peyi Amonit yo.


Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz.


Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem.


Men nan afè mesaje ki sòti Babylone yo, ki te voye bò kote li pou aprann tout mèvèy ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite li, pou L ta ka pase l nan eprèv pou wè tout sa ki te nan kè l.


Pwofesi konsènan Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a.


Konsa, Babylon bèlte a wayòm yo, glwa ak ògèy a Kaldeyen yo, va tankou lè ke Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe a.


Ke ou va pran chante sa a kont wa Babylon nan epi di: “Gade kijan opresè a vin sispann! Gwo twoub la pa la ankò!”


跟着我们:

广告


广告