Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 19:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Panche zòrèy ou non, Senyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m, pawòl ki manke Bondye vivan an dega!

参见章节 复制




2 Wa 19:16
11 交叉引用  

pou zye Ou ta rete louvri vè kay sila a lajounen kon lannwit, vè plas kote Ou te di: ‘Non Mwen va rete la,’ pou koute lapriyè ke sèvitè ou a va fè vè plas sa a.


Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo,


Petèt SENYÈ a, Bondye ou a, va tande tout pawòl a Rabschaké yo ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye Vivan an e va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande a. Pou sa, ofri lapriyè pou retay ki toujou rete a.’”


“Koulye a, O Bondye mwen, mwen priye, kite zye Ou louvri e zòrèy ou vin atantif a lapriyè sa a, ki fèt nan plas sa a.


Panche zòrèy W bò kote mwen. Delivre mwen byen vit. Devni pou mwen wòch ki ban m fòs, yon sitadèl ki pou sove m.


Leve, O Bondye! Plede koz Ou! Sonje jan lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.


Fè remet a vwazen nou yo, sèt fwa antre nan vant yo, repwòch avèk sila yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.


Panche zòrèy Ou, O SENYÈ pou tande. Ouvri zye Ou, O SENYÈ pou Ou wè. Koute byen tout pawòl ke Sanchérib te voye pou repwoche Bondye vivan an.


Petèt, SENYÈ Bondye ou a va tande pawòl a Rabschaké, ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye vivan an, e li va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande yo. Pou sa, leve lapriyè yo pou retay ki la toujou yo.’”


O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou.


Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.


跟着我们:

广告


广告