Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 18:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 jiskaske mwen rive pou pran nou ale nan yon lòt peyi, yon peyi ak sereyal avèk diven nèf, yon peyi avèk bwa doliv ak siwo myèl, pou nou kapab viv e pa mouri.’ Men pa koute Ézéchias lè li mal dirije nou pou di: ‘SENYÈ a va delivre nou.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Lè wa a va vin isit la pita, l'a pran nou, l'a mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven, yon peyi kote ki gen pye oliv pou fè lwil oliv ak anpil siwo myèl. Konsa n'a viv, nou p'ap mouri. Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Senyè a va delivre nou.

参见章节 复制




2 Wa 18:32
16 交叉引用  

Li mare jenn bourik li ak pi bèl pye rezen an. Li lave vètman li yo nan diven, ak manto li yo nan san rezen yo.


jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.


Nan nevyèm ane Osée a, wa Assyrie a te kaptire Samarie, li te pote pèp Israël la an egzil nan Assyrie, e li te fè yo rete Chalach avèk Chabor sou rivyè Gozan an ak nan vil a Medi yo.


Konsa, wa Assyrie a te pote Israël ale an egzil nan Assyrie, e li te mete yo nan Chalach sou rivyè Gozan nan vil a Mèdes yo,


“Konsa ou va pale a Ézéchias, wa Juda a, ‘Pa kite Bondye ou a nan Sila ou mete konfyans ou an twonpe ou e di: “Jérusalem p ap antre nan men a wa Assyrie a.”


Epi tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nébuzaraden, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil.


Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen, glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.


Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.


Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.


jiskaske m vin mennen nou ale nan yon peyi tankou peyi pa nou an, yon peyi ak anpil sereyal ak diven nèf, yon peyi ak pen ak chan rezen.


Si SENYÈ a kontan avèk nou, alò, Li va mennen nou nan peyi sa a pou bannou li—yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.


yon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, renmen anpil. Zye a SENYÈ a, Bondye nou an, toujou sou li, soti nan kòmansman jis rive nan fen ane a.


跟着我们:

广告


广告