Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 18:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Epi Rabschaké te kanpe, li te kriye avèk yon vwa fò an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl gran wa a, wa Assyrie a!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò nan lang ebre, li di konsa: — Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou.

参见章节 复制




2 Wa 18:28
12 交叉引用  

Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la.


Epi Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias: ‘Konsa pale gran wa a, wa Assyrie a: “Ki kalite konfyans sa ke ou genyen an?


Men Rabschaké te di yo: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt pa w la pou pale pawòl sila yo, pa pou mesye ki chita sou mi yo, ki va manje pwòp watè pa yo e bwè dlo pipi pa yo ansanm avè w?”


Konsa pale wa a! ‘Pa kite Ézéchias twonpe nou, paske li p ap kab delivre nou pou sòti nan men m.


Yo te kriye sa byen fò ak gwo vwa nan langaj a Juda, vè pèp Jérusalem ki te sou miray la, pou fè yo pè e teworize yo, pou yo ta kab pran vil la.


“Artaxerxès, wadèwa yo, a Esdras, prèt la, skrib lalwa Bondye Syèl la, lapè pafè. Depi koulye a,


Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a.


Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’


Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye.


跟着我们:

广告


广告