Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 18:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Men Rabschaké te di yo: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt pa w la pou pale pawòl sila yo, pa pou mesye ki chita sou mi yo, ki va manje pwòp watè pa yo e bwè dlo pipi pa yo ansanm avè w?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Men chèf gad palè a reponn yo nan lang ebre: — Anhan! Atò nou konprann se pou wa nou an ansanm ak nou twa ki la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo! Detwonpe nou tande. M'ap pale ak tout moun ki chita sou miray la tou. Paske yo menm tou, yo pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou!

参见章节 复制




2 Wa 18:27
11 交叉引用  

Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la.


Alò Éliakim, fis a Hilkija a, avèk Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Pale koulye a a sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale avèk nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou mi yo.”


Epi Rabschaké te kanpe, li te kriye avèk yon vwa fò an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl gran wa a, wa Assyrie a!


Te gen yon gwo grangou nan Samarie. Konsa, gade byen, yo te fè syèj la jis li rive ke tèt a yon bourik te vann pou katreven sik an ajan e yon ka kab poupou toutrèl pou senk sik ajan.


Yo giyonnen moun. Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun. Yo pale konsi se anwo sa soti.


Men Rabschaké te di: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt nou ak nou menm pou pale pawòl sa yo, e pa a moun sila yo ki chita sou miray la, ki va oblije manje pwòp poupou yo e bwè dlo pipi yo ansanm avèk nou?”


Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo, tèlman yo swaf; ti piti yo mande pen, men pèsòn pa kase bay yo.


Sila ki te konn manje ti manje delika yo, vin abandone nan lari. Sila ki te leve nan abiman an mov yo ap degaje yo chèche kaka bèf.


Epi SENYÈ a te di: “Konsa fis Israël yo va manje pen pa pwòp yo pami nasyon kote m ap chase yo ale yo.”


Konsa, Li te di mwen: “Men gade, m ap bay ou kaka bèf pou ranplase poupou moun nan. Sou li menm ou va prepare pen ou an.”


跟着我们:

广告


广告