Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Wa 18:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Alò, Ézéchias, wa Juda a te voye kote wa Assyrie a nan Lakis. Li te di: “Mwen te fè mal. Rale bak sòti sou mwen; nenpòt sa ke ou mande m peye, m ap sipòte l.” Pou sa, wa Assyrie a te fè demand a Ézéchias pou peye twa san talan ajan avèk trant talan lò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Lè sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesay bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l konsa: — Sa m fè a mal. Tanpri, pa atake m ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m bay, m'ap ba ou li. Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò.

参见章节 复制




2 Wa 18:14
9 交叉引用  

Wa Israël la te reponn: “Se jan pawòl ou yo ye a, mèt mwen, O wa a. Mwen se pa w ak tout sa ke m genyen.”


Epi sila ki te sou tout kay la ak sila ki te sou vil la, ansyen yo ak gadyen zanfan yo, te voye kote Jéhu e te di: “Nou se sèvitè ou. Tout sa ou mande nou, nou va fè l. Nou p ap fè okenn moun wa. Fè sa ki bon nan zye ou.”


Yo te fè konplo kont li Jérusalem e li te sove ale rive Lakis. Men yo te voye dèyè li Lakis pou te touye li la.


Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a.


Epi SENYÈ a te avèk li. Nenpòt kote li te ale, li te reyisi. Li te fè rebèl kont wa a Assyrie a e li pa t sèvi li.


Alò, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna; paske li te tande ke li te fin kite Lakis.


Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.


lè lame a wa Babylone nan te goumen kont Jérusalem e kont tout rès vil Juda yo; konsi, Lakis ak Azéka, paske se sèl yo ki te rete kon vil fòtifye pami vil a Juda yo.


Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou fè lapè.


跟着我们:

广告


广告